USCIS Anonse Si Mwa Anplis pou Sitwayen Ayisyen ki al Dèyè WASHINGTON. Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Ozetani (USCIS) anonse pou sitwayen ayisyen ki kalifye yo pwal gen yon lòt 180 jou anplis pou yo aplike pou Pwoteksyon Estati Tanporè (TPS), yon sòt de pwogram ki bay yon souf ak kokenn chenn tranblemanntè ki te pase en Ayiti-an nan kòmansman ane an. Dènye dat pou ayisyen yo aplike pwal 18 janvye 2011. “Depi tranblemanntè-a, USCIS kenbe yon dialòg ki pa jam’m lage ak lidè kominote ayisyène lan, ak lòt moun kap defann yo epi nou tande ke plizyè ayisyen mande plis tan pou yo aplike pou TPS,” tankou jan Direktè USCIS Alejandro Mayorkas lan di. “Si yo bay plis tan pou anrejistre sa pwal bay moun ki kalifye yon chans pou you rete san pwoblèm Ozetazini pandan kriz ki kraze Ayiti an. Lè ou anrejistre pou TPS lan, li pèmèt sitwayen ayisyen ki kalifye yo pou yo kontinye viv Ozetani epi pou yo ka jwenn pèmi travay pandan tout tan ke program sā la. Depi lè program TPS la kòmanse, USCIS te fè tout sa yo te kapab pou yo te fè ayisyen yo konen tout avantaj ki nan enterè yo ak tout enfòmasyon ki klè kankou dlo sou ki jan pou yo aplike. USCIS kontinye ankouraje tout ayisyen ki kalifye yo pou yo aplike pou TPS le pli vit ke posib avan 18 Janvye 2011, ki se dènye dat lan. Moun mwayen yo pa pèmèt yo peye pou aplikayon an ka mande pou yo fè li gratis pou yo. Pandan yon ti dialòg ki te fèt ak kominote a, USCIS te tande plizyè rezon pouki moun ki kalifye yo poko aplike pou TPS. Pou tèt tranblemanntè a ki te pase en Ayiti, gen kèk moun ki ka gen difikilte pou jwenn dokiman ke yo ka bezwen pou aplikasyon TPS la. Gen lòt ki ka bezwen tan pou sanble kòb pou frè TPS la, oubyen pou yo konnen ki jan pou yo fè li gratis. Tan sā ke yo bay anplis lan pral ede moun yo jwenn plis tan pou yo ranpli aplikasyon yo an. Sekretè Homlan Sekirite an Janet Napolitano te nomen Ayiti pou TPS pou 18 mwa apati de 21 Janvye 2010. Pwogram sā valab pou ayisyen ki kontinye ap viv Ozetazini depi 12 Janvye 2010, lè tranblemanntè a te pase; sitwayen ayisyen ki rantre pou premye fwa aprè dat sa pa’p kalifye. Plis detay disponib nan Federal Register Notices ke Sekretè Depatman Homlan Sekirite an te pibliye 11 janvye 2010, ak MMMMMMM ##, YYYY. Pou plis enfòmasyon sou TPS ak tout aplikasyon yo, tanpri ale sou entènèt lan www.uscis.gov oubyen rele sou nimewo gratis lan, nan 1-800-870-3676.
Last updated:07/13/2010 |