Dokiman sou Ekstansyon Otomatik pou Otorizasyon Travay (EAD)
Gen kèk aplikan ki te ranpli fòm I-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay ki kalifye pou yon ekstansyon otomatik otorizasyon travay ki ekspire a, epi/oswa pou EAD yo a pandan aplikasyon yo a annatant. Ou kalifye pou ekstansyon sa a si ou:
- Byen ranpli epi soumèt alè fòm I-765 ou ranpli pou renouvèlman otorizasyon travay epi/oswa EAD anvan EAD ou gen kounye a ekspire (eksepte kèk aplikan ki gen yon Estati Tanporè Pwoteje (TPS) oswa yon aplikasyon TPS ki annatant, epi
- Yo kalifye yon lòt fason pou renouvèlman an, sa vle di:
- Aplikasyon pou renouvèlman w la anba yon kategori ki kalifye pou yon ekstansyon otomatik (gade lis kategori yo ki anba a); epi
- Kategori ki nan EAD ou a aktyèlman koresponn ak "Klas yo mande" a ki ekri nan Fòm I-797C Avi pou Aksyon, Avi Resi ou a. (Remak: Si ou se yon benefisyè Estati Tanporè Pwoteje (TPS) oswa yon aplikan ki fè premye aplikasyon lepi ki annatant, EAD ou a ak Avi sa a dwe genyen swa kategori A12 oswa C19, men kategori yo pa oblije koresponn youn ak lòt. Anplis de sa, pou mari oswa madanm ki depandan sou H-4 , E, ak L-2, yon Fòm I-94 ki poko ekspire ki endike kòd estati non-imigran H-4, E, oswa L-2 (tankou klas admisyon kòd E-1S, E-2S, E-3S, ak L-2S) dwe akonpaye ak Fòm I-797C lè w ap prezante prèv otorizasyon travay ak idantite bay yon patwon pou Fòm I-9, pou Verifikasyon Kalifikasyon pou Travay).
Prèv pou yon Ekstansyon Otomatik
Yo bay kèk aplikan k ap fè renouvèlman peryòd ekstansyon otomatik la pou ede anpeche genyen eka ant otorizasyon travay ak dokiman.
Pou prezante prèv ki akseptab pou ekstansyon otomatik otorizasyon travay la ak/oswa pou valide EAD a, ou ka montre avi resi Fòm I-797C ou ki fè referans ak ekstansyon 180 jou a, ansanm avèk EAD ki kalifye ou a (epitou Fòm I-94 ou a ki poko ekspire a, si w se yon mari oswa madanm ki depandan sou H-4, E, oswa L-2, ki gen ladan li kòd admisyon klas E-1S, E-2S, E-3S ak L-2S). Konpilasyon dokiman sa yo sifi kòm prèv pou yon ekstansyon otomatik jiska 540 jou anba règleman final tanporè me 2022 oswa règleman final tanporè avril 2024, konte apati dat ekspirasyon an ki nan EAD ou gen kounye a.
Si ou te ranpli yon aplikasyon pou renouvèlman Fòm I-765 anvan oswa apre 4 me 2022, epi anvan 27 oktòb 2023, epi ou fè pati youn (1) nan kategori ki kalifye anba a, ou ta dwe resevwa yon fòm I-797C, Avi pou Aksyon avi pou resi a ki gen enfòmasyon konsènan ekstansyon otomatik 540 jou a.
Si ou te ranpli yon aplikasyon pou renouvèlman Fòm I-765 anvan oswa apre 8 avril 2024, epi ou fè pati youn (1) nan kategori ki kalifye anba a, USCIS ap ba ou yon fòm I-797C, Avi pou Aksyon avi pou resi a ki gen enfòmasyon konsènan ekstansyon otomatik 540 jou a.
Si ou te ranpli yon aplikasyon pou renouvèlman Fòm I-765 anvan oswa apre 27 oktòb 2023, epi anvan 8 avril 2024, epi ou fè pati youn (1) nan kategori ki kalifye anba a, menm yon avi fòm I-797C ki fè referans ak ekstansyon otomatik 180 jou a toujou reponn ak egzijans règlemantè pou règleman final tanporè mwa avril 2024 la. Kidonk, ou ka prezante fòm I-797C la avèk EAD ekspire ki gen vizaj ou bay patwon w pou montre ou kalifye pou yon ekstansyon otomatik ki jiska 540 jou. Olye pou yo bay yon avi sou mizajou fòm I-797C la, USCIS ap fè mizajou sou sit entènèt yo bay kòm referans nan avi pou fòm I-797C la, pou li kapab reflete chanjman nan peryòd ekstansyon otomatik la.
Anplwaye ak patwon yo dwe gade sou sit entènèt sa a lè y ap detèmine si yon fòm I-797C, Avi pou Aksyon, si li prezante avèk EAD ki gen vizaj ou epi ki ekspire a, akseptab pou fòm I-9 la. Patwon yo ka tache yon kopi sit entènèt la avèk fòm I-9 anplwaye a pou pwouve ekstansyon otorizasyon travay la epi/oswa validite EAD a.
Peryòd ekstansyon otomatik yon moun ka kanpe anvan peryòd maksimal la, swa otomatikman lè USCIS pran yon desizyon sou fòm I-765 pou aplikasyon renouvèlman, oswa sou notifikasyon.
Pou jwenn direktif sou kijan pou ranpli Fòm I-9 ki pale sou ekstansyon otomatik yo ak prèv otorizasyon travay pou anbochaj, re-anbochaj, ak re-verifikasyon, ak tout lòt direktiv konsènan Fòm I-9, vizite Central I-9.
Kategori ki Kalifye pou Ekstansyon Otomatik yo
Kategori travay sa yo kalifye pou yon ekstansyon otomatik:
Kategori kalifye ou te endike nan Fòm I-765 pou aplikasyon pou renouvèlman ou | Deskripsyon |
---|---|
(a)(3) | Refijye |
(a)(5) | Azile |
(a)(7) | N-8 oswa N-9 |
(a)(8) | Sitwayen Micronesia, Marshall Islands, oswa Palau |
(a)(10) | Yo te Akòde Sispansyon pou Depòtasyon oswa Ekspilsyon |
(a)(12) | Yo te Akòde Estati Tanporè Pwoteje (TPS) |
(a)(17) | Madan/mari yon prensipal E Non-imigran avèk yon I-94 ki poko ekspire ki montre kòd estati non-imigran E (tankou E-1S, E-2S ak E-3S)* |
(a)(18) | Madan/mari yon prensipal L-1 Non-imigran avèk yon I94 ki poko ekspire ki montre kòd estati non-imigran L-2 (tankou L-2S)* |
(c)(8) | Aplikasyon pou Azil Annatant |
(c)(9) | Ajisteman Estati Annatant dapre Seksyon 245 Lwa a |
(c)(10) | Sispansyon Depòtasyon pou Aplikan yo (depoze anvan 1 avril 1997) Anilasyon Ekspilsyon pou Aplikan Règ Espesyal sou Anilasyon Ekspilsyon pou Aplikan yo Anba NACARA |
(c)(16) | Kreyasyon Dosye (Ajisteman ki Baze sou Rezidans Kontinyèl Depi 1 janvye 1972) |
(c)(19) | Premye aplikasyon pou TPS annatant kote USCIS detèmine aplikan an anpremye lye kalifye pou TPS epi li ka resevwa yon EAD kòm yon “avantaj pou tretman tanporè” |
(c)(20) | Legalizasyon Seksyon 210 (I-700 annatant) |
(c)(22) | Legalizasyon Seksyon 245A (I-687 annatant) |
(c)(24) | Legalizasyon LIFE |
(c)(26) | Madan/mari sèten prensipal H-1B Non-imigran avèk yon I-94 ki poko ekspire ki montre kòd estati nonimigran H-4 |
(c)(31) | Moun VAWA yo ki Petisyonè pou tèt yo |
*Pou jwenn plis enfòmasyon sou opsyon ki disponib pou demontre otorizasyon travay pou mari oswa madanm pou E ak L, gade paj E-1 Trete pou Komèsan yo (Seksyon E-1 Trete pou Fanmi Komèsan ak Anplwaye), paj E-2 Trete pou Envestisè yo (Seksyon E-2 Trete pou Fanmi Envestisè ak Anplwaye), paj E-3 Trete pou kèk Pwofesyon Okipasyon Espesyal yo ki soti nan Ostrali (seksyon E-3 Travayè non-Imigran yo), paj L-1A Trete pou Egzekitif oswa Manadjè Transfere Nan Konpayi a paj (Seksyon L-1 Fanmi Travayè yo), oswa paj L-1B Trete pou Konesans Espesyalize ki Transfere Nan Konpayi a (seksyon L-1 Fanmi Travayè yo).
Estati Tanporè Pwoteje (TPS)
Moun ki gen yon EAD ki baze sou TPS ka resevwa yon ekstansyon otomatik pou EAD yo a:
- Atravè piblikasyon nan yon avi Rejis Federal ki pwolonje deziyasyon TPS pou peyi moun nan, si avi Rejis Federal la otorize tou yon ekstansyon otomatik pou EAD yo pou moun ki kouvri deja yo; oswa
- Atravè ekstansyon otomatik sa a.
Etidyan entènasyonal F-1 yo
Etidyan F-1 ki gen yon demann ekstansyon fòmasyon pratik ki pa obligatwa (OPT) pa kalifye pou ogmantasyon tanporè pou peryòd ekstansyon otomatik daprè règleman final tanporè pou ane 2022 oswa 2024. Ogmantasyon tanporè peryòd ekstansyon otomatik nan kad 8 CFR 274a.13(d) aplike sèlman pou kategori ki site nan tablo anlè a.
Si ou ranpli aplikasyon pou ekstansyon STEM la alè, epi peryòd OPT a ekspire pandan ou gen yon aplikasyon ekstansyon ki annatant, n ap pwolonje otorizasyon travay ou a otomatikman pou 180 jou. Ekstansyon otomatik 180 jou sa a kanpe depi USCIS pran yon desizyon sou aplikasyon pou ekstansyon STEM OPT ou a.
N ap jwenn enfòmasyon anplis sou fason pou ranpli yon aplikasyon pou ekstansyon STEM OPT ki disponib sou paj Ekstansyon Fòmasyon Pratik ki pa Obligatwa pou Etidyan STEM (STEM OPT).