Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen
DHS anonse pwosesis kote moun ki se sitwayen Kiba, Ayiti, Nikaragwa, ak Venezyela, ak manm fanmi imedya yo, ka fè demann pou yo vini Etazini yon fason ki san danje, epi ki nan lòd. Nou ka konsidere benefisyè ki kalifye ki p ap viv Etazini epi ki pa gen ase dokiman pou yo rantre Etazini, sou yon baz dosye pa dosye, pou yon otorizasyon vwayaj ki bay alavans ak yon peryòd libète sou kondisyon tanporè ki rive jiska de (2) lane pou rezon imanitè ijan oswa avantaj piblik enpòtan. Pou patisipe, benefisyè ki kalifye yo dwe:
- Gen yon sipòtè nan Etazini;
- Pase epi reyisi kontwòl sekirite ki estrik;
- Reponn ak lòt kritè kalifikasyon; epi
- Jistifye yon egzèsis favorab nan pouvwa desizyon nou.
Moun k ap patisipe nan pwosesis yo dwe gen yon sipòtè nan Etazini ki dakò ba yo sipò finansye pou valè tan y ap gen libète sou kondisyon Etazini. Se sipòtè k ap viv Etazini a k ap fè premye etap la kote l ap ranpli yon Fòm I-134A, Demann sou Entènèt pou ou ka vin yon Sipòtè ak Deklarasyon pou Sipò Finansye, avèk USCIS pou chak benefisyè li vle sipòte, li gen ladan l timoun minè. Apresa, gouvènman Ameriken an pral verifye enfòmasyon sipòtè a bay nan Fòm I-134A pou asire l yo kapab sipòte finansyèman benefisyè yo dakò pou sipòte yo.
Gade anba a pou w jwenn enfòmasyon anplis sou pwosesis yo ak kondisyon kalifikasyon espesifik pou peyi a.
Tèm | Definisyon |
---|---|
Sipòtè |
Yon moun ki gen yon estati legal nan Etazini oswa ki gen libète sou kondisyon, oswa benefisyè yon aksyon difere oswa Pwogram Depa Fòse Difere (Deferred Enforced Departure, DED), ki pase ankèt sekirite ak sou antesedan, epi ki demontre li gen ase resous finansye pou l resevwa, nouri, epi sipòte moun li angaje pou l sipòte pandan tan y ap rete Etazini a. Men egzanp moun ki reponn ak egzijans pou sipòtè:
|
Benefisyè |
Yon moun ki soti nan peyi Kiba, Ayiti, Nikaragwa, oswa Venezyela (oswa manm fanmi pwòch yo ki gen nenpòt nasyonalite) ki p ap viv Etazini epi yo ka konsidere pou libète sou kondisyon nan kad pwosesis sa yo. Manm fanmi pwòch ki gen nenpòt nasyonalite nan kad pwosesis sa yo gen ladan l:
|
Kiyès yo Ka Konsidere pou Otorizasyon Vwayaj ki bay Alavans
Pou w kapab kalifye pou fè demann, epi pou yo finalman konsidere otorizasyon vwayaj ki bay alavans pou Etazini pou fè demann libète sou kondisyon nan kad pwosesis sa yo, benefisyè yo dwe:
- P ap viv Etazini;
- Yon moun ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa, oswa Venezyela; oswa yo dwe yon manm fanmi pwòch (mari oswa madanm, patnè ki nan inyon lib, epi/oswa yon timoun ki pa marye epi ki poko gen 21 lane) k ap vwayaje avèk yon Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, oswa Venezyelyen ki kalifye;
- Gen yon sipòtè k ap viv Etazini ki ranpli yon Fòm I-134A nan non yo USCIS apwouve epi konfime;
- Gen yon paspò ki pa ekspire epi ki valid pou vwayaj entènasyonal;
- Fè pwòp vwayaj komèsyal yo nan yon Pò Rantre (Port of Entry, POE) nan Etazini ak nan destinasyon final yo nan Etazini;
- Pase epi reyisi kontwòl sekirite nasyonal ak sekirite piblik ki obligatwa;
- Respekte tout egzijans anplis, li gen ladan l obligasyon pou vaksinasyon ak lòt rekòmandasyon pou sante piblik; ak
- Demontre libète sou kondisyon an jistifye sou baz yon avantaj piblik enpòtan oswa rezon imanitè ki ijan, epi montre ou merite yon egzèsis favorab nan pouvwa desizyon nou.
Si yon moun gen doub nasyonalite oswa si l gen estati rezidan, oswa refijye nan yon lòt peyi li pa kalifye pou nou konsidere l pou libète sou kondisyon nan kad pwosesis sa a, sof si DHS aplike yon pwosesis libète sou kondisyon ki menm jan pou moun ki soti nan peyi sa a. Egzijans sa a p ap aplike pou manm fanmi pwòch (mari oswa madanm, patnè ki nan inyon lib, oswa yon timoun ki pa marye epi ki poko gen 21 lane) k ap vwayaje avèk yon moun ki kalifye ki soti Kiba, Nikaragwa, oswa Venezyela.
Anplis, yon benefisyè potansyèl pa kalifye pou otorizasyon vwayaj ki bay alavans pou Etazini ansanm ak libète sou kondisyon nan kad pwosesis sa yo si moun nan:
- Pa pase kontwòl sekirite nasyonal ak sekirite piblik la oswa yo konsidere li pa merite egzèsis favorab nan pouvwa desizyon an;
- Te depòte nan peyi Etazini nan senk ane ki pase yo oswa li te sibi yon entèdiksyon pou antre sou teritwa a ki baze sou yon òdonans pou depòtasyon yo te deja pran;
- Te rantre Etazini yon fason ki pa legal, atravè POE yo, apre dat yo te anonse pwosesis la (pou Venezyelyen, apre 19 Oktòb 2022; pou Kiben, Ayisyen, ak Nikaragweyen, apre 9 Janvye 2023), eksepte moun ki gen otorizasyon pou yon sèl depa volontè daprè INA seksyon § 240B, 8 U.S.C. § 1229c oswa anilasyon demann admisyon yo a dapre INA seksyon § 235(a)(4), 8 U.S.C. § 1225(a)(4) ki pral rete kalifye;
- Te travèse fwontyè Meksiken oswa Panamen an yon fason ilegal apre dat yo te anonse pwosesis la (pou Venezyelyen, apre 19 Oktòb 2022; pou Kiben, Ayisyen, ak Nikaragweyen, apre 9 Janvye 2023);
- Se Kiben oswa Ayisyen epi yo te pran l nan lanmè a apre 27 Avril 2023; oswa
- Gen mwens pase 18 an epi li p ap vwayaje nan kad pwosesis sa a ak yon paran oswa yon responsab legal.
Nòt Enpòtan konsènan Paspò Venezyelyen an
Benefisyè a dwe gen yon paspò ki valid, ki poko ekspire. Pwolongasyon ki sètifye validite paspò yo sèvi pou reponn ak egzijans sa a. Si yo te pwolonje validite paspò yon benefisyè, dat ekspirasyon pwolongasyon an ta dwe reflete dat ekspirasyon paspò a. CBP pa pral otorize vwayaj si paspò oswa pwolongasyon benefisyè a ekspire.
Jan li di nan dekrè Asanble Nasyonal 21 me 2019 la, gen kèk paspò Venezyelyen ki ekspire ki rete valid. Yon paspò venezyelyen:
- Yo te ba ou anvan 7 jen 2019 (menm si li ekspire anvan dat sa a), san yon ekstansyon pou paspò ("prórroga"), nou konsidere l valid epi li pa ekspire pandan senk (5) lane ki vini apre dat ekspirasyon ki enprime nan paspò a.
- Yo te ba ou anvan 7 jen 2019 (menm si li ekspire anvan dat sa a), avèk yon "prórroga" yo te ba ou anvan 7 jen 2019, nou konsidere l valid epi li pa ekspire pandan senk (5) lane ki vini apre dat ekspirasyon “prórroga” a.
- Yo te ba ou anvan 7 jen 2019 (menm si li ekspire anvan dat sa a), avèk yon "prórroga" yo te ba ou jou ki 7 jen 2019 oswa apre, nou konsidere l valid epi li pa ekspire jiska dat ekspirasyon “prórroga” a, oswa pandan senk (5) lane ki vini apre dat ekspirasyon ki enprime nan paspò a, nou kenbe dat ki pi lwen an.
- Yo te ba ou jou ki 7 jen 2019 oswa apre, san yon "prórroga", nou pa konsidere l valid apre dat ekspirasyon ki enprime nan paspò a.
- Yo te ba ou jou ki 7 jen 2019 oswa apre, avèk yon “prórroga" yo te ba ou jou ki 7 jen 2019 oswa apre, nou konsidere l valid epi li pa ekspire jiska dat ekspirasyon “prórroga” a.
Timoun ki poko gen 18 lane k ap vwayaje san paran oswa responsab legal yo pa kalifye pou otorizasyon vwayaj ki bay alavans oswa libète sou kondisyon nan kad pwosesis sa yo. Depi li rive nan yon pò rantre nan Etazini, yon timoun ki p ap vwayaje avèk paran oswa responsab legal li ka transfere sou responsabilite Depatman Sante ak Sèvis Sosyal (Health and Human Services, HHS), jan lwa 2008 sou Reyotorizasyon Pwoteksyon Viktim Komès Moun mande sa. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri vizite paj wèb HHS Timoun ki pa Akonpaye yo.
Kòm li pa kalifye pou resevwa otorizasyon vwayaj ki bay alavans nan kad pwosesis sa yo, timoun ki pa vwayaje ak yon paran oswa yon responsab legal men ki vin Etazini pou rankontre yon paran oswa yon responsab legal ka prefere chèche libète sou kondisyon atravè pwosesis nòmal Fòm I-131 an. Nan pwosesis pou libète sou kondisyon ki nan Fòm I-131, timoun ki vle vwayaje san yon paran oswa yon responsab legal ap bezwen yon otorizasyon alekri nan men tout adilt ki gen gad legal timoun nan (li gen ladan l paran oswa responsab legal) pou vwayaje Etazini.
Prèv ki vini avèk Fòm I-131 ap bezwen gen ladan l valè tan timoun nan ap rete Etazini ak prèv relasyon ki genyen ant timoun nan ak paran oswa responsab legal ki Etazini a. Si responsab legal la bay otorizasyon l alekri, moun ki fè demann lan dwe ajoute prèv responsabilite legal yon otorite nan gouvènman an bay. Anplis, aplikasyon an dwe gen ladan l yon deklarasyon sou relasyon timoun nan genyen ak moun k ap ranpli Fòm I-131 a, epi si moun nan gen entansyon pran swen epi pran gad timoun nan Etazini, oswa reyini timoun nan avèk paran oswa responsab legal li gen Etazini. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri ale sou paj Gid sou Prèv pou Kèk Kalite Libète sou Kondisyon pou Rezon Imanitè oswa Avantaj Piblik Enpòtan, li gen enfòmasyon sou kondisyon pou fè demann libète sou kondisyon pou timoun.
Ou ka fè demann yon egzansyon frè lè w ap soumèt Fòm I-131 pou yon timoun jan li dekri nan paragraf ki anwo a. Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou fè demann yon egzansyon frè, tanpri ale sou sit entènèt Fòm I-912, Demann pou Egzanpsyon Frè.
Sipòtè ki abite Etazini a pral kòmanse avèk demann lan sou entènèt nan non benefisyè ki deziyen an, l ap fè sa pandan li soumèt Fòm I-134A bay USCIS pou chak benefisyè, li gen ladan l timoun ki minè. Sipòtè yo kapab moun ki ranpli demann lan yon fason endepandan, ki ranpli l avèk lòt moun, oswa ki ranpli l nan non òganizasyon, biznis, oswa lòt antite. Ou p ap peye okenn frè pou ranpli Fòm I-134A. Gouvènman Etazini a pral kontwole sipòtè a pou pwoteje l kont eksplwatasyon ak abi, epi pou asire li kapab sipòte finansyèman benefisyè li dakò pou sipòte a.
An jeneral, pou sèvi kòm yon sipòtè, moun nan oswa moun ki reprezante antite a dwe:
- Yon sitwayen Ameriken, yon moun ki soti nan peyi a, oswa yon rezidan pèmanan legal; moun nan genyen yon estati legal Etazini tankou Estati Pwoteksyon Tanporè oswa azil; oswa libète sou kondisyon oswa li se benefisyè yon aksyon difere, oswa li benefisye yon entèvansyon ki te anpeche Depa fòse difere (DED);
- Pase ankèt sekirite ak antesedan, tankou pou sekirite piblik, sekirite nasyonal, komès moun, ak pwoblèm eksplwatasyon; epi
- Montre kantite resous finansye l genyen an sifi pou akeyi, nouri, epi sipòte moun li dakò pou sipòte a pandan peryòd libète sou kondisyon an.
Sipòtè ki ranpli Fòm I-134A nan non benefisyè a nan kad pwosesis sa yo dwe montre l dispoze epi li kapab resevwa, nouri, epi sipòte benefisyè li mete nan Fòm I-134A pou valè tan yo ba l libète sou kondisyon an. Men kèk egzanp sipò pou benefisyè sipòtè yo dwe sonje lè y ap konsidere kapasite pou reponn ak angajman sa a:
- Resevwa benefisyè a depi lè l rive Etazini a epi mennen l nan lojman inisyal li;
- Asire w benefisyè a gen yon lojman ki san danje epi ki apwopriye pou valè tan libète sou kondisyon an ak premye pwodui nesesite yo;
- Lè sa apwopriye, ede benefisyè a ranpli papye ki nesesè tankou otorizasyon pou travay, kat Sekirite Sosyal, ak pou sèvis li ka kalifye;
- Asire w benefisyè a jwenn swen sante ak medikal pandan tan li genyen libète sou kondisyon an; epi
- Lè sa apwopriye, ede benefisyè a pou l gen aksè ak edikasyon, aprann anglè, jwenn yon travay, epi enskri timoun yo nan lekòl.
Sipòtè yo dwe mete non benefisyè a nan Fòm I-134A a. Sipòtè yo pa dwe ranpli Fòm I-134A a nan non yon benefisyè san li pa mete non benefisyè a. Yon sipòtè ka dakò pou li sipòte plis pase yon (1) benefisyè, tankou diferan manm nan yon gwoup fanmi, men li dwe depoze yon Fòm I-134A apa pou chak benefisyè.
Sipòtè yo dwe ranpli yon Fòm I-134A apa pou chak benefisyè, menm pou timoun ki minè yo. Plizyè sipòtè ka mete tèt yo ansanm pou sipòte yon benefisyè. Nan ka sa a, sipòtè a ta dwe ranpli yon Fòm I-134A epi mete prèv sipò anplis ki demontre idantite, ak resous l ap bay yo, sipòtè li genyen anplis yo, epi mete yon deklarasyon ki eksplike entansyon yo genyen pou pataje responsablite pou sipòte benefisyè a. N ap evalye yon fason kolektif sipòtè yo genyen pou sipòte yon benefisyè.
Òganizasyon, konpayi, ak lòt antite yo kapab jwe yon wòl enpòtan nan bay sipò pou benefisyè yo vini atravè pwosesis sa a. Menm si moun nan oblije ranpli epi siyen Fòm I-134A a, li ka fè sa nan asosyasyon ak oswa sou non yon òganizasyon, yon konpayi, oswa yon lòt antite ki pral bay benefisyè a kèk oswa tout sipò ki nesesè yo. Sipòtè endividyèl ki ranpli ak yon òganizasyon oswa sou non yon òganizasyon, konpayi oswa lòt konpayi ta dwe soumèt prèv angajman antite a pou sipòte benefisyè a lè yo ranpli Fòm I-134A. Yo ka demontre sa a atravè yon lèt angajman oswa ak lòt dokiman yon ajan bay oswa yon lòt reprezantan ki gen otorizasyon nan òganizasyon an, nan konpayi a, oswa lòt antite ki dekri sipò lajan oswa lòt kalite sipò (tankou lojman, pwodui premye nesesite, transpò, elatriye) konpayi a pral bay benefisyè ki konsène a. Moun k ap ranpli ansanm ak yon òganizasyon, konpayi, oswa lòt antite pa bezwen soumèt enfòmasyon sou finans pèsonèl yo, si nivo sipò antite a montre ase pou sipòte benefisyè a.
Òganizasyon ki pa fè pati gouvènman an ka ede potansyèl sipòtè ak benefisyè yo pou prepare pou pwosesis sa a. Nou mete anba a de (2) òganizasyon ki espesyalize nan bay piblik la enfòmasyon sou fason pou yo akeyi moun ki fenk vini ak resous pou sipòte patisipasyon yo nan pwosesis sa yo.
- Welcome.us bay enfòmasyon sou fason pou akeyi ak sipòte moun ki fenk vini yo.
- Sant Esponnsò Kominotè (Community Sponsorship Hub) etabli Pwogram pou Gwoup Esponnsò (Sponsor Circle Program), ki kapab bay resous ak rekòmandasyon k ap kontinye pou sipòtè yo.
Nou bay enfòmasyon sa yo nan objektif pou enfòme w sèlman. DHS pa pran responsabilite pou antite sa yo. Lè nou itilize antite sa yo nan plas lòt antite, li pa bay yon moun ki gen libète sou kondisyon okenn avantaj nan desizyon k ap pran pou demann li a.
Benefisyè a pa kapab aplike dirèkteman pou pwosesis sa yo. Se yon sipòtè nan Etazini ki dwe ranpli epi depoze Fòm I-134A la an premye nan USCIS nan non benefisyè a, epi ajoute enfòmasyon sou li ak fason pou kontakte l, tankou yon adrès imèl. Si nou konsidere Fòm I-134A la ase, dapre desizyon pa nou, n ap voye enfòmasyon benefisyè a nan pwochen etap pwosesis la pou yo kapab egzaminen l pou otorizasyon vwayaj nan Etazini ak konsiderasyon pou libète sou kondisyon nan yon ayewopò pou rantre.
Depi benefisyè yo resevwa otorizasyon vwayaj la, yo dwe aranje yo pou vwayaje dirèkteman nan destinasyon final yo a ki se Etazini. Lè yo rive nan pò antre enteryè a, CBP ap enspekte moun nan epi l ap mande pou yo soumèt enfòmasyon anplis, li gen ladan l anprent, pou yo kapab fè plis ankèt byometrik, epi apresa y ap konsidere dapre yo deside pou bay yon libète sou kondisyon. Nou p ap konsidere moun k ap eseye rantre Etazini apati yon pòt rantre ki atè pou libète sou kondisyon atravè pwosesis sa a, epi jeneralman nou pa kite yo rantre.
Men kèk etap enpòtan nan pwosesis sa yo:
Etap 1: Sipò Finansye
- Yon sipòtè k ap viv Etazini ap soumèt Fòm I-134A, l ap fè Demann sou Entènèt pou ou ka vin yon Sipòtè ak Deklarasyon pou Sipò Finansye, avèk USCIS atravè pòtay myUSCIS ki sou entènèt pou kòmanse pwosesis la. Fòm I-134A la idantifye epi kolekte enfòmasyon alafwa sou sipòtè a ak benefisyè a. Sipòtè a dwe ranpli yon Fòm I-134A apa pou chak benefisyè li ap sipòte, li gen ladan l manm fanmi pwòch ak timoun ki minè.
- USCIS pral kontwole sipòtè a pou asire li kapab sipòte finansyèman benefisyè li dakò pou sipòte a, epi pwoteje l kont eksplwatasyon ak abi. USCIS, selon sa nou deside, dwe kontwole epi konfime sipòte yo anvan l kontinye nan pwosesis la.
Etap 2: Soumèt Enfòmasyon Byografik
- Si USCIS konfime yon sipòtè, benefisyè li mete a ap resevwa yon imèl USCIS voye avèk eksplikasyon sou fason pou kreye yon kont USCIS sou entènèt ak lòt etap k ap vini yo. Benefisyè a dwe konfime enfòmasyon byografik li yo nan myUSCIS, epi rekonèt li reponn ak kondisyon kalifikasyon yo.
- Nan kad konfimasyon pou kalifikasyon sou kont sou entènèt yo a, moun k ap mande otorizasyon pou li vwayaje Etazini a dwe konfime li reponn ak egzijans sante piblik, li gen ladan kèk egzijans sou vaksinasyon.
Etap 3: Soumèt Demann lan sou Aplikasyon Mobil CBP One
- Apre moun nan fin konfime enfòmasyon byografik sou kont sou entènèt li a, epi ranpli atestasyon kalifikasyon ki obligatwa yo, benefisyè a ap resevwa eksplikasyon atravè myUSCIS sou fason pou gen aksè ak Aplikasyon mobil CBP One) (PDF, 771.55 KB). Benefisyè a dwe mete enfòmasyon byografik li nan CBP One epi bay yon foto.
Etap 4: Otorizasyon Vwayaj ki bay Alavans pou Etazini
- Lè w fin konplete Etap 3 a, benefisyè a ap resevwa yon avi sou kont sou entènèt li a k ap konfime si CBP ap bay, selon sa li deside, otorizasyon vwayaj ki bay alavans pou Etazini pou mande yon libète sou kondisyon selon sa yo deside, sou yon baz dosye pa dosye.
- Si l apwouve, otorizasyon sa a valid pou 90 jou. Se benefisyè a ki responsab pou òganize pwòp vwayaj li atravè avyon pou Etazini. Apwobasyon pou vwayaj ki bay alavans lan pou vwayaje pa garanti ou ap rantre oswa ou ap jwenn libète sou kondisyon lè w Etazini nan yon pò rantre Etazini. Libète sou kondisyon se yon desizyon CBP pran nan pò antre a, li pran l sou baz sa li jwenn pou jistifye libète sou kondisyon an ki dwe fèt pou rezon imanitè ijan, oswa pou avantaj piblik enpòtan.
Etap 5: Mande Libète sou Kondisyon nan yon Pò Rantre
- Lè yon benefisyè rive nan yon pò rantre, CBP ap enspekte l, epi l ap konsidere pou li bay selon sa li deside libète sou kondisyon an sou yon baz dosye pa dosye.
- Nan kad enspeksyon an, benefisyè a ap sibi verifikasyon ak kontwòl anplis, li gen ladan l kontwòl byometrik anprent yo jan pwosesis enspeksyon CBP a mande pou fè sa. Moun yo detèmine ki reprezante yon menas pou sekirite nasyonal oswa sekirite piblik la, oswa ki pa jistifye libète sou kondisyon selon sa yo deside apre enspeksyon an, pral suiv yon pwosesis apwopriye, epi yo ka voye yo nan Imigrasyon ak Dwàn Etazini (Immigration and Customs Enforcement, ICE)
Etap 6: Libète sou Kondisyon
- Jeneralman, moun ki benefisye yon libète sou kondisyon nan kad pwosesis sa yo nou libere yo Etazini pou yon peryòd ki rive jiska de (2) lane, pou sa fèt gen egzijans sou sante ak kontwòl ki aplikab, epi moun nan ap kapab aplike pou yon otorizasyon travay selon règleman ki egziste yo.
- Moun ki benefisye yon libète sou kondisyon ka fè demann yon otorizasyon pou travay apati USCIS pandan y ap depoze yon Fòm I-765, Aplikasyon pou Otorizasyon pou Travay, swa sou entènèt oswa pa lapòs.
Aprè sipòtè a depoze Fòm I-134A nan USCIS, n ap egzaminen fòm nan ak prèv pou sipòte li yo pou asire nou sipòtè a gen ase resous finansye pou sipòte benefisyè a pou valè tan l ap gen peryòd libète sou kondisyon an, epi n ap verifye antesedan sipòtè a. Nou pral detèmine si Fòm I-134A ase, epi nou ka fè demann prèv anplis pou pran desizyon nou an. Si nou apwouve l, benefisyè yo ap resevwa yon imèl USCIS voye avèk eksplikasyon sou fason pou kreye yon kont USCIS sou entènèt ak lòt etap k ap vini yo. Moun yo dwe verifye imèl yo, li gen ladan l espam ak kontni endezirab, pou mesaj enpòtan USCIS voye.
Si Fòm I-134A Ase
Si nou konfime selon sa nou deside, Fòm I-134A ase, benefisyè a ap resevwa yon imèl USCIS voye avèk eksplikasyon sou fason pou kreye yon kont USCIS sou entènèt ak lòt etap k ap vini yo. Benefisyè a dwe konfime enfòmasyon byografik li yo nan myUSCIS, epi rekonèt li reponn ak tout kondisyon yo tankou:
- Yon atestasyon ki rekonèt
- ou pa yon rezidan pèmanan oswa ou pa gen doub nasyonalite nan okenn lòt peyi, epi kounye a ou pa gen estati refijye nan okenn peyi, sòf si DHS aplike yon pwosesis pou libète sou kondisyon ki menm jan an pou moun ki soti nan peyi a; oswa
- ou se mari oswa madanm, patnè ki nan inyon lib, oswa yon timoun ki pa marye epi ki poko gen 21 lane k ap vwayaje avèk yon moun kalifye ki soti nan peyi a;
- Yon atestasyon ki sètifye ou konprann egzijans ki gen nan relasyon fanmi pou timoun ki poko gen 18 lane; ak
- Yon atestasyon ki montre ou respekte egzijans pou pran vaksen yo, oswa ou kalifye pou yon eksepsyon anrapò ak egzijans vaksen pou lawoujòl, polyo, ak premye dòz vaksen COVID-19 Administrasyon pou Manje ak Medikaman Etazini an (Food and Drug Administration, FDA) apwouve oswa Lis Itilizasyon nan Ka Ijans (Emergency Use Listed, EUL) Òganizasyon Mondyal Lasante etabli.
Lè l fin rive Etazini, benefisyè a dwe rekonèt li te fè yon tès depistaj medikal pou tibèkiloz, li gen ladan l yon Tès Liberasyon Entèferon-Gamma (Interferon-Gamma Release, IGRA), nan delè 90 jou.
Jwenn plis enfòmasyon sou egzijans pou vaksen an sou apèsi pou paj atestasyon pou vaksen an.
Si Fòm I-134A Pa Ase
Si nou pa kapab konfime Fòm I-134A a ase, nou pran desizyon an nèt. Benefisyè a ap resevwa yon imèl USCIS voye ki fè l konnen nou detèmine Fòm I-134A yo te ranpli nan non li a pa ase. Nou p ap konsidere benefisyè a pou libète sou kondisyon nan kad pwosesis libète sou kondisyon sa a si Fòm I-134A a pa ase. Sepandan, sipòtè a ka depoze yon nouvo Fòm I-134A nan non menm moun nan oswa pou yon lòt benefisyè, oswa yon lòt sipòtè ka depoze yon Fòm I-134A nan non benefisyè a.
Otorizasyon pou Vwayaje vin Ozetazini
Depi benefisyè a fin konfime enfòmasyon byografik li yo, epi li rekonèt li reponn ak tout egzijans yo, n ap avanse avèk dosye yo a. Benefisyè yo ap resevwa yon imèl ki eksplike fason pou yo verifye kont sou entènèt yo gen sou myUSCIS pou yo wè rezilta otorizasyon pou vwayaj yo a. Otorizasyon sa a valid pou 90 jou.
Si nou otorize benefisyè a pou li vwayaje Etazini, li dwe aranje epi peye pou pwòp vwayaj li. Benefisyè yo dwe planifye pou yo vwayaje pa avyon pou yo vini Etazini dirèkteman nan yon pò antre enteryè ak nan destinasyon final yo a.
Aplike pou yon Otorizasyon pou Travay
Aprè ou (benefisyè a) jwenn libète sou kondisyon Etazini, ou kalifye pou aplike pou yon otorizasyon travay selon sa USCIS deside. Pou mande yon Dokiman Otorizasyon Travay (Employment Authorization Document, EAD), ou dwe soumèt Fòm I-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay, lè ou sèvi avèk kòd kategori (c)(11) ansanm ak frè ki nesesè yo oswa mande yon egzansyon frè.
Pou depoze Fòm I-765 la sou entènèt, moun ki aplike ki kalifye yo ap gen aksè ak kont USCIS yo a sou entènèt nan my.uscis.gov.
Moun ki aplike ki fè demann yon egzansyon frè pou depoze Fòm I-765 oswa ki kalifye pou yon egzansyon frè dwe soumèt Fòm I-765 pa lapòs.
Mande yon Kat ak yon Nimewo Sekirite Sosyal
Nou ankouraje w pou aplike pou yon Nimewo Sekirite Sosyal (Social Security Number, SSN) pandan w ap itilize Fòm I-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay, epi suiv eksplikasyon pou fòm nan. Si ou fè demann yon SSN nan Pati 2 (Atik 13.a-17.b) nan Fòm I-765, epi nou apwouve aplikasyon ou an, USCIS ap transmèt done sa yon fason elektwonik bay Administrasyon Sekirite Sosyal (Social Security Administration, SSA), epi SSA ap ba ou yon SSN epi l ap remèt ou yon kat Sekirite Sosyal. SSA ap voye kat Sekirite Sosyal ou a dirèkteman pa lapòs nan adrès ou bay nan Fòm I-765 la. Jeneralman se moun ki otorize pou travay Etazini yo bay nimewo Sekirite Sosyal. Yo itilize nimewo Sekirite Sosyal la pou rapòte salè w bay gouvènman an, epi detèmine kalifikasyon w pou avantaj Sekirite Sosyal.
Si ou pa fè demann yon SSN nan Fòm I-765 ou a, ou kapab aplike pou yon SSN apre ou resevwa EAD ou a nan men USCIS pandan w ap suiv eksplikasyon ki sou paj entènèt SSA a Kat ak Nimewo Sekirite Sosyal.
Mizajou nan Adrès
Si w ap viv Etazini pandan plis pase 30 jou ou dwe deklare adrès fizik ou nan Etazini. Ou kapab chanje adrès ou a sou entènèt epi fè mizajou nan adrès ou a sou nenpòt aplikasyon ak petisyon ou genyen k ap tann nan menm moman pandan w ap itilize sistèm Chanjman Adrès Sou Entènèt USCIS. Ou dwe siyale yon chanjman adrès nan delè 10 jou apre w vin Etazini oswa sou teritwa li yo.
Metòd pou chanje adrès nou mete anwo a ap fè mizajou nan dosye a nan USCIS pou tout aplikasyon, petisyon, oswa demann ou genyen k ap tann, epi ou ajoute nimewo resi pou li sou fòm nan.
Li enpòtan pou ajoute nimewo resi a pou nenpòt dosye ou ap tann nan USCIS avèk demann chanjman adrès ou a, konsa nou kapab fè mizajou nan adrès ki asosye avèk dosye sa yo. N ap voye dokiman sekirize yo nan adrès ki sou dosye a. Ou kapab jwenn nimewo resi a sou avi resepsyon (Fòm I-797C, Avi Aksyon) nou te remèt aprè w te fin depoze demann oswa petisyon ou an. Nou voye avi resepsyon an nan adrès ki ekri sou aplikasyon oswa petisyon an.
Lè w Fini ak Libète sou Kondisyon ou an
Si w deja gen yon libète sou kondisyon nan Etazini, libète sou kondisyon ou an ap fini otomatikman si:
- Ou kite Etazini; oswa
- Peryòd libète sou kondisyon ou a ekspire.
DHS ka deside kanpe libète sou kondisyon ou an selon sa li deside pou lòt rezon, tankou lè ou vyole nenpòt lwa nan Etazini. Moun ki gen libète sou kondisyon yo ki ekspire dwe kite peyi a poukont yo. Nou ap mete nan pwosedi ranvwa moun nou rankontre Etazini apre libète sou kondisyon yo fini.
Nou rekòmande pou poze kesyon yo pandan w ap voye yon mesaj sekirize apati kont sou entènèt USCIS ou a. Ou ka kontakte Sant Kontak USCIS nan 800-375-5283 (TTY 800-767-1833). Nimewo pou moun ki p ap viv Etazini se 212-620-3418. Pou jwenn plis enfòmasyon, gade anba a nan kesyon moun poze souvan yo.
K. Kisa pou m fè si m gen yon pwoblèm pou gen aksè ak kont mwen oswa m bezwen relanse modpas mwen?
R. Tanpri itilize fòm sou entènèt pou jwenn èd nou an.
K. Si mwen bezwen fè yon demann sou dosye mwen an oswa mwen gen yon kesyon jeneral konsènan kont mwen an, kòman m kapab kontakte USCIS?
R. Pi bon fason pou kontakte nou depann sou kalite demann ou genyen an. Si w bezwen korije enfòmasyon sou Fòm I-134A, ou dwe voye yon mesaj sekirize pandan w ap itilize kont sou entènèt USCIS ou a. Pou kesyon jeneral oswa demann konsènan estati yon Fòm I-134A, ou kapab voye yon mesaj sekirize apati kont USCIS ou a, oswa rele Sant Kontak USCIS nan 800-375-5283 (TTY 800-767-1833). Si w p ap viv Etazini, ou kapab jwenn Sant Kontak USCIS nan +1-212-620-3418.
K. Si mwen (yon sipòtè) mete yon adrès imèl ki pa kòrèk pou benefisyè a sou Fòm I-134A, ki fason ki pi rapid pou soumèt koreksyon an epi fè USCIS revoye imèl pou Aksè ak Kont lan bay benefisyè a?
R. Konekte sou kont USCIS sou entènèt ou a, ale nan onglè ''Notices'' (Avi) epi itilize fonksyonalite ''Unsolicited Evidence'' (Prèv yo Pa t Mande) pou ajoute yon lèt sipòtè a siyen alamen (li pa dwe siyen l yon fason elektwonik). Lèt la dwe:
- Eskplike adrès imèl ou te mete pou benefisyè a sou Fòm I-134A pa t kòrèk; epi
- Ou mande pou USCIS fè mizajou nan adrès imèl benefisyè a epi voye Avi pou Kont USCIS nan adrès imèl benefisyè a genyen ki kòrèk.
Sonje: Lèt la dwe gen ladan l toulède, sa vle di adrès imèl orijinal la ak sa ki pa kòrèk ou te mete sou Fòm I-134A epi mizajou ki fèt la, koreksyon ki fèt adrès imèl benefisyè a. Kenbe lèt orijinal ki siyen an pou si nou ta bezwen l pi devan.
Apresa, ou dwe voye yon mesaj sekirize apati kont sou entènèt USCIS ou a:
- Konekte sou kont sou entènèt ou a, chwazi nan meni k ap dewoule a "MyAccount" (Kont Mwen an), apresa chwazi Inbox (bwat resepsyon);
- Chwazi “New message” (Nouvo Mesaj), apresa “A case already filed online” (Yon dosye ki ranpli anliy deja);
- Chwazi nimewo resi ou a pou Fòm I-134A, Demann sou Entènèt pou ou ka vin yon Sipòtè ak Deklarasyon Sipò Finansye, nan meni k ap dewoule a; epi
- Di nan mesaj ou a benefisyè a bezwen chanje adrès imèl li a, epi ou te ajoute prèv yo pa t mande. Mesaj la dwe gen ladan l toulède, sa vle di adrès imèl orijinal la ak sa ki enkòrèk la epi mizajou ki fèt la, koreksyon ki fèt adrès imèl benefisyè a.
Nou pral egzaminen demann ou an, epi fè mizajou ki apwopriye, epi n ap voye yon kopi Avi sou Kont USCIS pandan n ap itilize adrès imèl ou mete ajou a epi ki kòrèk. Epitou, n ap voye yon imèl k ap fè w konnen nou rezoud pwoblèm la.
K. Kijan mwen kapab korije enfòmasyon ki nan paspò m nan Fòm I-134A?
R. Si nou konfime deja Fòm I-134A sipòtè ou a soumèt, epi enfòmasyon li mete konsènan paspò w la pa kòrèk, w ap bezwen itilize kont sou entènèt ou a pou:
- Ajoute yon kopi paspò ki valid ou a, epi ki pa ekspire kòm Prèv yo Pa t Mande (Unsolicited Evidence) nan onglè "Notices" (Avi); epi
- Voye yon mesaj pou USCIS apati Inbox (Bwat Resepsyon) ou. Nan mesaj la, ou dwe endike ou soumèt prèv pou korije enfòmasyon konsènan paspò w la.
Ou ap resevwa yon repons nan bwat resepsyon ou a. Pinga ou soumèt atestasyon ou yo bay CBP jiskaske nou reponn ak demann pou fè mizajou nan enfòmasyon konsènan paspò w la. Si w soumèt enfòmasyon yo anvan ou resevwa yon repons nan USCIS li kapab afekte otorizasyon pou vwayaj ak demann pou libète sou kondisyon ou a.
K. USCIS konfime Fòm I-134A mwen an, men nou poko kontakte benefisyè mwen an. Kisa mwen dwe fè?
R. Si benefisyè ou a pa resevwa yon avi sou imèl li, ou dwe verifye Fòm I-134A la, epi asire w ou te bay adrès imèl ki kòrèk la. Si adrès imèl la kòrèk, benefisyè a dwe verifye espam li a ak bwat ki gen kontni endezirab yo. Menm si nou paka reponn kesyon pou ka espesifik, an jeneral, nan sitiyasyon kote benefisyè a pa resevwa Avi pou Kont li a, rele Sant Kontak USCIS. Nimewo pou moun ki p ap viv Etazini se +1-212-620-3418. Yon lòt bò, sipòtè a kapab voye yon mesaj sekirize pou USCIS konsènan pwoblèm l ap rankontre atravè pwòp kont USCIS li, epi apre nou fini ak pwosesis verifikasyon an, nou kapab voye Avi pou Kont la sou imèl benefisyè nou gen nan dosye a.
Si adrès imèl la pa kòrèk, konekte sou kont USCIS ou a sou entènèt, epi ale sou onglè ''Notices'' (Avi) epi itilize fonksyonalite ''Unsolicited Evidence'' (Prèv yo Pa t Mande) pou ajoute yon lèt sipòtè a siyen alamen (li pa dwe siyen l yon fason elektwonik). Lèt la dwe:
- Eskplike adrès imèl ou te mete pou benefisyè a sou Fòm I-134A pa t kòrèk; epi
- Ou mande pou USCIS fè mizajou nan adrès imèl benefisyè a epi voye Avi pou Kont USCIS nan adrès imèl benefisyè a genyen ki kòrèk.
Sonje: Lèt la dwe gen ladan l toulède, sa vle di adrès imèl orijinal la ak sa ki pa kòrèk ou te mete sou Fòm I-134A epi mizajou ki fèt la, koreksyon ki fèt nan adrès imèl benefisyè a. Kenbe lèt orijinal ki siyen an pou si nou ta bezwen l pi devan.
Si benefisyè a toujou pa kapab jwenn avi yo, li dwe kontakte Sant Kontak USCIS nan 800-375-5283. Nimewo pou moun ki p ap viv Etazini se +1-212-620-3418.
Tanpri remake benefisyè yo pa gen obligasyon pou remèt kòb, ranbouse, travay, sèvi, oswa bay sipòtè a lòt konpansasyon paske li ranpli Fòm I-134A nan non l oswa paske li ba li yon sipò finansye pandan li Etazini a.
Aksè ak pwosesis yo gratis. Ni sipòtè a ni benefisyè a pa gen obligasyon pou peye gouvènman Etazini a yon frè pou Fòm I-134A. Fè atansyon ak tout magouy oswa potansyèl eksplwatasyon nenpòt moun k ap mande w lajan ki asosye ak Fòm I-134A, oswa pou patisipasyon w nan pwosesis sa yo
DHS rekòmande pou suiv mezi sa yo pou evite entimidasyon:
- Evite moun k ap pwomèt ou pou “vin Etazini tousuit” si w peye gwo kantite lajan.
- Toujou kenbe paspò w ak lòt dokiman idantite w nan men w.
- Si w gen enkyetid konsènan moun ki ranpli Fòm I-134A nan non w, epi li pa yon òganizasyon oswa antite ki gen otorizasyon legal, oswa reprezantan legal, ale sou paj entènèt Magouy, Fwod, ak Move Konpòtman.
Rele Liy Asistans pou Komès Moun ki fonksyone 24 sou 24 nan 1-888-373-7888 oswa siyale yon ijans bay fòs lalwa pandan w ap rele 911. Viktim komès moun, menm si moun nan se yon sitwayen Etazini oswa li pa yon sitwayen, yo kalifye pou èd ak sèvis nan imigrasyon.
Gen plizyè fòm abi ak eksplwatasyon, li gen ladan l vyolans domestik, maryaj fòse, ak komès moun. Etazini, gen lwa ki ka ede w evite oswa chape ak sitiyasyon kote y ap abize w.
- Vyolans Domestik se yon modèl konpòtman nan yon relasyon kote moun nan itilize l pou genyen oswa kenbe pouvwa a sou yon patnè entim, paran, oswa timoun. Abi domestik la ka enplike menas oswa menas fizik, seksyèl, emosyonèl, finansyè, oswa sikolojik.
- Maryaj fòse si maryaj la fèt san konsantman youn (1) oswa toulède moun nan maryaj la. Konsantman vle di ou bay tout akò w, yon fason ki lib, epi ou enfòme sou akò pou marye avèk mari/madanm ki prevwa a, epi ou okouran sou moman maryaj la. Maryaj fòse a ka fèt lè manm fanmi a oswa lòt moun itilize abi fizik oswa emosyonèl, menas, ba ou fo enfòmasyon pou fòse w marye san konsantman w. Pou jwenn plis enfòmasyon sou maryaj fòse, tanpri ale sou paj entènèt Maryaj Fòse.
- Komès Moun enplike eksplwate yon moun pou fòse l fè sèks pou lajan oswa fòse l travay. Jeneralman pou yo konsidere komès moun nan, eksplwatasyon sa a dwe fèt lè yo fòse w, gen fwod, oswa yo fè w menas. Sepandan, si yo fòse yon moun ki poko gen 18 lane pou fè sèks pou lajan, yo konsidere l tankou trafik moun, menm si pa yo pa fòse l, pa gen fwod, oswa yo pa fè l menas.
Si ou te viv oswa ou gen laperèz pou maraj fòse, vyolans domestik, komès mouns, oswa lòt abi, tanpri kontakte resous anba a pou resevwa èd gratis nan lang ou a:
- Liy Asistans Nasyonal pou Vyolans Domestik: 800-799-7233, 800-787-3224 (TTY), www.ndvh.org
- Sant Nasyonal pou Timoun yo Pa Wè ak Timoun y ap Eksplwate: 800-843-5678, www.missingkids.com
- Sant Nasyonal pou Viktim Krim: 800-394-2255, 800-211-7996 (TTY), www.victimsofcrime.org
- Liy Asistans Nasyonal pou Komès Moun: 888-373-7888, Voye mesaj nan: 233733
Nou pa vle ou vin yon viktim magouy nan imigrasyon. Si ou bezwen yon konsèy legal sou kesyon imigrasyon, asire w moun k ap ede ou a gen otorizasyon pou bay konsèy legal. Se sèlman yon avoka oswa yon reprezantan otorize k ap travay pou Òganizasyon Depatman Jistis rekonèt ki kapab ba ou konsèy legal. Ale sou paj Evite Magouy pou w jwenn enfòmasyon ak resous.