Kesyon Moun Poze Souvan Konsènan Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen
Kesyon 1. Èske Gouvènman Ameriken an limite kantite moun ki gen dwa antre Ozetazini dapre pwosesis sa yo?
Gouvènman Ameriken an pral bay jiska 30,000 moun otorizasyon pou vwayaje vin Ozetazini chak mwa nan kad pwosesis libète kondisyonèl pou Kiben, Ayisyen, Nikaragwan ak Venezuelyen. Sa pèmèt yo kenbe yon kantite fiks konsènan fonksyònman ak moun ki fèk vini k ap chèche libète kondisyonèl yo. DHS te elimine limit premye 24,000 benefisyè Venezyelyen yo pou respekte nouvo apwòch sa a.
Gouvènman Ameriken an ap deplwaye tout efò sa yo pou diminye migrasyon iregilye Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezyelyen yo, yon fason pou fè moun ki kalifye yo antre Ozetazini legalman epi san danje sou yon baz ka pa ka, pou rezon imanitè ijan oswa pou yon gwo avantaj piblik. DHS pa fikse yon limit sou kantite total benefisyè yo, oswa sou kantite tan yo prevwa pwosesis sa yo ap dire pou moman sa a epi li pral kontinye kontwole pwosesis yo ak konsekans yo genyen. Gouvènman Ameriken an pran angajman tou pou bay moun ki kalifye yo aksè ak tout kalite posiblite pou yo vin legal, tankou libète kondisyonèl, viza imigran ak viza pou moun ki pa imigran, ak Pwogram Admisyon Refijye Ameriken an, an amoni ak lwa Ameriken yo.
Kesyon 1. Kijan avoka yo ka ranpli Fòm I-134A pou kliyan yo ki ta renmen vin yon sipòtè?
Pa gen okenn opsyon kounye a pou yon avoka oswa yon reprezantan ki akredite sèvi ak yon kont reprezantan sou entènèt pou ranpli yon Fòm I-134A sou non yon sipòtè oswa pou soumèt enfòmasyon konsènan otorizasyon vwayaj nan non yon benefisyè apre konfimasyon Fòm I-134A a.
Kesyon 2. Mwen se yon avoka k ap ede yon sipòtè avèk Fòm I-134A. Si sipòtè a ranpli deklarasyon preparatè a sou fòm nan, èske mwen ka jwenn enfòmasyon sou sipòtè a ak/oswa benefisyè a?
Non. Deklarasyon preparatè a montre sèlman ou te ede yon moun ranpli deklarasyon an (ranpli fòm nan). Si ou se yon reprezantan legal, ou dwe soumèt yon Fòm G-28, Avi sou Prezantasyon kòm Avoka oswa Reprezantan ki Akredite nan USCIS si ou ta renmen resevwa enfòmasyon sou Fòm I-134A kliyan ou an (sipòtè). Kounye a, USCIS pa pèmèt reprezantan yo ranpli Fòm I-134A a sou Entènèt nan non yon sipòtè lè l sèvi avèk yon kont reprezantan. Men, yon reprezantan ki te soumèt yon G-28 valab bay USCIS separeman atravè yon kont reprezantan ka mande enfòmasyon sou dosye kliyan yo a (sipòtè) lè yo kontakte USCIS Sant Kontak.
Kesyon 3. Èske ou ka Soumèt Fòm I-134A sou papye?
Non. Sipòtè ki ranpli yon dosye nan kad pwosesis yo ka sèlman soumèt Fòm I-134A sou entènèt atravè kont sou entènèt USCIS la.
Kesyon 4. Èske gen yon frè pou ranpli Fòm I-134A sa a?
Non. Pa gen okenn frè pou ranpli Fòm I-134A, epi sipòtè yo pa ka mande pou yon benefisyè bay yon frè pou ranpli Fòm I-134A nan non benefisyè a. Ni sipòtè a ni benefisyè a pa oblije peye gouvènman Ameriken an yon frè pou demann nan. Pran prekosyon ak tout magouy oswa ak tout moun k ap chèche eksplwate moun k ap mande lajan pou Fòm I-134A oswa pou patisipasyon nan pwosesis sa yo.
Kesyon 1. Konbyen tan sa ap pran ant lè yon potansyèl sipòtè soumèt Fòm I-134A a ak lè pou yo bay benefisyè a otorizasyon antisipe pou li vwayaje nan kad pwosesis sa yo?
Dire pwosesis pou trete dosye a varye. USCIS ak sèvis Dwàn ak Pwoteksyon Fwontyè Etazini an (CBP) ap egzamine epi trete dosye yo fason ki pi konplè epi ki pi efikas posib la. Gouvènman Etazini an ap bay jiska 30,000 moun ki pa sitwayen otorizasyon vwayaj antisipe pou vin Etazini chak mwa, pou mande liberasyon kondisyonèl sou yon baz ka-pa-ka nan kad pwosesis sa yo.
Akòz gwo enterè pwosesis sa a lakòz la, nou mete pwosesis revizyon an ajou apati 17 me 2023. Nou mete pwosesis sa a ajou paske kantite sipòte potansyèl ki te soumèt Fòm I-134A la vrèman pi plis lontan pase 30,000 otorizasyon vwayaj antisipe ki disponib chak mwa yo. Objektif la se ofri yon mwayen ki jis, ekilibre yon fason ekitab, epi ki disponib pou tout benefisyè ki gen yon fòm I-134A kapab kontinye nan pwosesis revizyon an epi mande yon otorizasyon vwayaj.
Nan kad nouvo pwosesis revizyon an, yon fason aleyatwa, nou ap chwazi anviwon mwatye nan kantite total Fòm I-134A yo, kèlkeswa dat yo te depoze yo, pami tout travay ki annatant pou revize yo. Nou ap egzamine lòt mwatye nan kantite total la selon dat yo te soumèt dosye a sou baz metòd premye antre, premye sòti a, sa ki bay priyorite pou revize Fòm-134A ki pi ansyen yo.
Nou p ap aksepte yon Fòm I-134A de (2) fwa nan men yon potansyèl sipòtè si gen yon Fòm I-134A ki annatant ant menm potansyèl sipòtè ak benefisyè a. Si nou pa konfime yon Fòm I-134A, men, yon sipòtè kwè li ranpli kondisyon pou li vin yon sipòtè sou baz pwosesis la, li kapab depoze yon nouvo Fòm I-134A epi soumèt lòt enfòmasyon anplis kòm prèv.
Pandan pwosesis la, gen plizyè etap ki dwe ranpli, san wete yon kontwòl sekirite ki efikas anpil, sa ki ap depann selon dispozisyon sipòtè yo ak benefisyè yo pran. Nan premye pati pwosesis la, nou ap egzamine epi reponn Fòm I-134A sipòtè potansyèl yo pi vit posib. Yonfwa nou fin konfime Fòm I-134A a, nou ap kontakte benefisyè a nan imel pou ba li enstriksyon sou fason pou li kreye yon kont USCIS anliy epi pou li ajoute dosye li a. Nan kont anliy lan, benefisyè a ap revize enfòmasyon biyografik li yo epi li ap ranpli atestasyon ki nesesè (tankou atestasyon pou kalifikasyon ak vaksen ki obligatwa yo) pou li menm ansanm ak moun ki nan gwoup vwayaj li yo epi li ap soumèt enfòmasyon yo bay CBP.
Epitou, benefisyè a dwe fè foto li epi soumèt li nan aplikasyon mobil CBP One nan. Apre li fin soumèt foto a, pwosesis la pral jwenn CBP. CBP ap egzamine enfòmasyon biyografik ki disponib yo ak foto figi benefisyè a pou detèmine si yo dwe otorize benefisyè a vwayaje vin Etazini pou mande libète kondisyonèl. Apresa, CBP ap voye desizyon otorizasyon vwayaj la bay USCIS pou afiche li sou kont USCIS anliy benefisyè a. Si CBP apwouve otorizasyon vwayaj la, benefisyè a responsab pou fè aranjman epi jwenn fon pou finanse pwòp vwayaj li nan avyon pou vin Etazini. Si CBP apwouve otorizasyon vwayaj la, an jeneral, li valab pou 90 jou.
Estati yon otorizasyon vwayaj kapab chanje nenpòt lè apre yon pwosesis revizyon. Moun yo dwe ap veye kont USCIS anliy yo souvan pou yo jwenn mesaj ak notifikasyon USCIS voye, epi pou yo jwenn dènye estati otorizasyon vwayaj la.
Kesyon 2. Si sa pran anpil tan pase sa m te atann pou yo trete Fòm I-134A mwen an, èske m dwe soumèt yon nouvo Fòm I-134A?
Non. Potansyèl sipòtè yo pa kapab soumèt yon Fòm I-134A de (2) fwa pou menm benefisyè a. Nou p ap aksepte yon Fòm I-134A de (2) fwa si gen yon Fòm I-134A ki te soumèt anvan sa epi ki annatant ant menm potansyèl sipòtè ak benefisyè a.
Ou kapab siveye estati Fòm I-134A ou a sou kont anliy USCIS ou aoswa verifye estati ki pi resan ou an nan Estati Dosye Anliy lan. Tanpri note sa, Sant Kontak USCIS la pa kapab bay okenn enfòmasyon anplis konsènan estati dosye w la.
Kesyon 1. Mwen gen yon dosye imigrasyon annatant (sa vle di azil oswa Estati Pwoteksyon Tanporè (Temporary Protected Status, TPS)). Èske m kalifye pou m vin yon sipòtè?
Non. Si ou gen yon dosye imigrasyon annatant tankou yon demann azil annatant oswa yon premye demann TPS, men ou pa gen yon estati legal Ozetazini, oswa ou pa gen yon libète kondisyonèl oswa yo pa t repòte yon desizyon an favè ou oswa ou pa t benefisye yon entèvansyon ki te anpeche yo depòte ou (Deferred Enforced Departure, DED), ou pa kalifye pou ou vin yon sipòtè.
An jeneral, pou sèvi kòm yon sipòtè, yon moun oswa yon moun ki reprezante yon òganizasyon dwe:
- Se yon sitwayen Ameriken, nasyonal, oswa yon rezidan pèmanan legal; ou genyen yon estati legal Ozetazini tankou TPS oswa azil; oswa yon libète kondisyonèl oswa yo te repòte yon desizyon an favè ou oswa ou te benefisye yon entèvansyon ki te anpeche yo depòte ou (DED);
- Pase kontwòl sekirite ak referans, tankou pou sekirite piblik, sekirite nasyonal, komès moun, ak pwoblèm eksplwatasyon; epi
- Montre kantite resous finansye ou genyen an sifi pou ou akeyi, nouri, epi sipòte moun ou dakò pou sipòte a pandan peryòd libète kondisyonèl la.
Pou plis enfòmasyon sou moun ki ka sipòte yo, tanpri ale sou paj Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen nou an.
Kesyon 2. Mwen te resevwa yon premye TPS epi mwen te enskri ankò pou TPS, men m ap tann dènye apwobasyon USCIS la. Èske m ka aplike pou m vin yon sipòtè?
Wi. Si ou te resevwa yon premye TPS epi demann ou fè pou yon lòt TPS la annatant, ou kalifye pou ou vin yon sipòtè. An jeneral, pou ou sèvi kòm yon sipòtè, yon moun oswa yon moun ki reprezante yon òganizasyon dwe yon sitwayen ameriken, nasyonal, oswa rezidan pèmanan legal; gen yon estati legal Ozetazini tankou Estati Pwoteksyon Tanporè oswa azil; oswa ou gen yon libète kondisyonèl oswa yo te repòte yon desizyon an favè ou oswa ou te benefisye yon entèvansyon ki te anpeche yo depòte ou.
Pou plis enfòmasyon sou moun ki kapab yon sipòte, tanpri ale sou paj Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen nou an.
Kesyon 3. Èske mwen bezwen se yon manm fanmi yon benefisyè pou soumèt yon Fòm I-134A nan non l nan kad pwosesis la?
Non. Tout moun ki ranpli kondisyon pou yo vin yon sipòtè epi USCIS valide nan kad pwosesis la ka sipòte benefisyè ki kalifye yo, oswa manm fanmi pwòch yo, san yo pa gade si sipòtè a gen rapò ak benefisyè a.
Kesyon 4. Èske òganizasyon yo ka sèvi kòm sipòtè?
Se vre yon moun oblije ranpli epi siyen Fòm I-134A a, yo ka fè sa nan asosyasyon ak oswa sou non yon òganizasyon, yon antrepriz, oswa yon lòt konpayi ki pral bay benefisyè a kèk oswa tout sipò ki nesesè yo.
Sipòtè endividyèl ki ranpli ak oswa sou non yon konpayi ta dwe soumèt prèv angajman konpayi a pou sipòte benefisyè a lè yo ranpli Fòm I-134A a. Yo ka demontre sa nan yon lèt angajman oswa ak lòt dokiman yon ajan bay oswa yon lòt reprezantan ki gen otorizasyon nan òganizasyon an, nan antrepriz la, oswa lòt konpayi ki endike sipò lajan oswa lòt kalite sipò (tankou lojman, pwodui premye nesesite, transpò, elatriye) konpayi a pral bay benefisyè ki konsène a (gade nan Manyèl Règleman USCIS la pou plis enfòmasyon). Moun k ap ranpli ansanm ak yon konpayi pa bezwen soumèt enfòmasyon finansye pèsonèl yo, si nivo sipò konpayi a montre a sifi pou sipòte benefisyè a. Pou plis enfòmasyon, tanpri ale sou: www.uscis.gov/CHNV.
Kesyon 5. Kijan pwosesis la fonksyone lè gen plis pase yon sipòtè pou yon benefisyè?
Plizyè sipòtè ka mete tèt yo ansanm pou sipòte yon benefisyè. Nan ka sa a, yon sipòtè ta dwe ranpli yon Fòm I-134A epi mete prèv siplemantè ki montre idantite sipò adisyonèl ak resous yo dwe bay, epi mete yon deklarasyon ki eksplike entansyon yo genyen pou pataje responsablite pou sipòte benefisyè a. Yo pral evalye ansanm kapasite sipòtè sa yo genyen pou yo sipòte yon benefisyè.
Òganizasyon, antrepriz, ak lòt konpayi ki baze Ozetazini kapab tou sipòte moun ki rive yo atravè pwosesis la. Se vre yon moun oblije ranpli epi siyen Fòm I-134A a, yo ka fè sa nan asosyasyon ak oswa sou non yon òganizasyon, yon antrepriz, oswa yon lòt konpayi ki pral bay benefisyè a kèk oswa tout sipò ki nesesè yo. Sipòtè endividyèl ki ranpli ak oswa sou non yon òganizasyon, antrepriz oswa lòt konpayi ta dwe soumèt prèv angajman konpayi a pou sipòte benefisyè a lè yo ranpli Fòm I-134A a. Yo ka demontre sa nan yon lèt angajman oswa ak lòt dokiman yon ajan bay oswa yon lòt reprezantan ki gen otorizasyon nan òganizasyon an, nan antrepriz la, oswa lòt konpayi ki endike sipò lajan oswa lòt kalite sipò (tankou lojman, pwodui premye nesesite, transpò, elatriye) konpayi a pral bay benefisyè ki konsène a (gade nan Manyèl Règleman USCIS la pou plis enfòmasyon). Moun k ap ranpli ansanm ak yon òganizasyon, antrepriz, oswa lòt konpayi pa bezwen soumèt enfòmasyon finansye pèsonèl li yo, si nivo sipò konpayi a montre a sifi pou sipòte benefisyè a.
Kesyon 6. Mwen vle sipòte yon fanmi ki gen kat (4) moun. Èske mwen ka ranpli yon fòm I-134A pou tout fanmi an?
Non. Sipòtè yo dwe ranpli yon Fòm I-134A apa pou chak benefisyè, sa gen ladan tou timoun ki minè yo. Sonje, timoun ki poko gen 18 an dwe vwayaje Ozetazini sou siveyans paran k ap pran swen l nan oswa moun ki responsab legal la.
Kesyon 7. Èske yon sipòtè ka dakò pou sipòte plis pase yon benefisyè?
Wi. Yon moun ka soumèt yon Fòm I-134A apa pou chak benefisyè li aksepte sipòte yo. Byenke pa gen limit sou konbyen benefisyè yon sipòtè ka dakò pou sipòte, USCIS pral detèmine si yon sipòtè gen kapasite finansye pou sipòte tout benefisyè yo pandan peryòd libète kondisyonèl la, ki ka rive jiska dezan.
Kesyon 8. Mwen se yon sitwayen Ameriken, men mwen abite aletranje. Èske m kalifye pou m vin yon sipòtè?
Pou ou kalifye pou ou vin yon sipòtè, ou dwe baze Ozetazini.
Kesyon 9. Si yo pa valide Fòm I-134A mwen an, èske USCIS pral eksplike poukisa?
Yon fwa USCIS fin egzamine Fòm I-134A nou an, epi li jije moun ki ta renmen bay sipò a pa satisfè kondisyon yo pou l vin yon sipòtè, nou pral voye yon avi pa valide bay sipòtè a ak benefisyè a. Si nou bezwen plis enfòmasyon, nou ka voye yon Demann pou Prèv. Si yon sipòtè kwè li ranpli kondisyon yo pou l vin yon sipòtè dapre pwosesis la, li ka ranpli yon nouvo Fòm I-134A epi soumèt enfòmasyon adisyonèl yo kòm prèv. Yon lòt moun ki ka sèvi kòm sipòtè ka ranpli yon Fòm I-134A tou pou yon benefisyè ki te deja nan yon Fòm I-134A ki pa valide.
Kesyon 1. Èske gen yon egzijans espesifik sou revni pou Fòm I-134A a?
Non. Sitiyasyon chak moun ki ta renmen vin sipòte yo diferan, epi nou egzamine enfòmasyon finansye yo bay nan Fòm I-134A a konsènan tout byen ak resous yo genyen yo. Nou itilize Gid Federal Povrete yo, jan Depatman Sante ak Sèvis Sosyal yo dekri l la, kòm yon gid jeneral pou detèmine kapasite sipòtè a pou sipòte benefisyè a pandan dire peryòd libète kondisyonèl yo prevwa pou benefisyè a. Lè nou itilize Gid Povrete Federal yo, nou konsidere kantite moun ki genyen nan fwaye sipòte a, sa gen ladan tou benefisyè ki enskri nan Fòm I-134A sipòtè a, menmsi yo pa gen entansyon viv ak sipòtè a.
Kesyon 2. Ki kalite prèv finansye mwen dwe bay? Èske mwen bezwen bay deklarasyon enpo mwen yo, prèv sou travay mwen, ak relve labank, oswa èske mwen ka soumèt sèlman youn nan dokiman sa yo?
Sipòtè yo ta dwe detèmine ki enfòmasyon finansye yo genyen konsènan byen yo pou yo ede USCIS detèmine kapasite finansye yo. Kèk egzanp sou prèv finansye ka gen ladan deklarasyon enpo sou revni federal ou a, relve labank, Fòm W-2, Deklarasyon Salè ak Taks, patwon ou nan bay, souch chèk oswa relve salè pou kèk mwa ki sot pase yo, ak nenpòt prèv revni ki soti nan fwaye ou.
Kesyon 1. Èske yon benefisyè nan kad pwosesis yo ka Ozetazini?
Non. Pou kalifye nan kad pwosesis la, benefisyè a ak manm fanmi pwòch li yo pa dwe Ozetazini. Fòm I-134A a ta dwe endike adrès fizik aktyèl benefisyè a ki pa Ozetazini.
Kesyon 2. Kèk moun ki abite nan yon lòt peyi ki gen yon Pèmi Pwoteksyon Tanporè (Permiso de Protección Temporal). Èske pèmi tanporè sa a diskalifye moun nan pou l pa benefisye yon vwayaj ki planifye nan kad pwosesis la?
Yon Pèmi Pwoteksyon Tanporè se yon estati tanporè. Piske ou gen estati sa a, sa pa vle di ou se yon rezidan pèmanan nan twazyèm peyi a, epi sa pa anpeche ou patisipe nan pwosesis la. Yo ka konsidere ou pa kalifye pou pwosesis la si ou se yon rezidan pèmanan oswa si ou gen doub nasyonalite nan nenpòt lòt peyi oswa si ou gen estati refijye nan nenpòt peyi.
Kesyon 3. Èske benefisyè a oblije viv ak sipòtè yo a apre yo fin jwenn yon libète kondisyonèl Ozetazini?
Non. Benefisyè a pa oblije viv ak sipòtè li a; men, kalite sipò benefisyè a ka egzije lòt sipò finansye pandan dire peryòd libète kondisyonèl la, sa gen ladan lojman an sekirize epi ki apwopriye, swen sante, transpò, jwenn pwodui premye nesesite yo, èd pou soumèt fòm tankou demann pou otorizasyon travay, aprann Anglè, jwenn travay, ak enskri timoun lekòl.
Kesyon 4. Èske timoun ki minè yo ka gen doub sitwayènte?
Wi. Timoun minè benefisyè ki kalifye yo ka gen doub sitwayènte?
Kesyon 5. Mwen ranpli kondisyon pou jwenn yon otorizasyon vwayaj nan kad pwosesis la, men mari mwen gen doub nasyonalite nan yon lòt peyi. Èske mwen ka benefisyè prensipal la pou pèmèt li kalifye pou pwosesis la?
Wi. Byenke benefisyè ki kalifye yo nan kad pwosesis la ka pa rezidan pèmanan oswa gen doub nasyonalite nan okenn lòt peyi, epi kounye a yo pa gen estati refijye nan okenn peyi (sòf si DHS aplike yon pwosesis pou libète kondisyonèl menm jan an pou sitwayen peyi a) kondisyon sa a pa aplike pou manm fanmi pwòch yo. Manm fanmi pwòch yo nan pwosesis sa a gen ladan yon mari oswa madanm oswa yon patnè inyon lib yon benefisyè ki kalifye nan kad pwosesis la ak timoun li genyen ki poko marye yo ki poko gen 21 an.
Kesyon 6. Èske timoun ki poko gen laj 18 an ka jwenn libète kondisyonèl Ozetazini san paran yo oswa responsab legal yo a nan kad pwosesis la?
Non. Timoun ki poko gen 18 an pa ka vwayaje san yo pa akonpanye ak paran yo oswa yon responsab legal. Si yo pa akonpaye yo, timoun yo pa kalifye pou libète kondisyonèl nan kad pwosesis sa a. Lè yo rive nan yon pò pou antre Ozetazini, yon timoun ki pa vwayaje ak paran li oswa responsab legal li a ka transfere nan siveyans Depatman Sante ak Sèvis Sosyal la (Health and Human Services, HHS), jan lalwa egzije sa selon Lwa 2008 sou Nouvo Otorizasyon pou Pwoteksyon viktim anrapò ak Komès Moun (Trafficking Victims Protection Reauthorization Act, TVPRA), pou pwoteje timoun nan kont komès moun ak lòt fòm eksplwatasyon. Pou plis enfòmasyon, tanpri vizite paj wèb HHS Timoun ki pa Akonpaye yo. Timoun ki pa vwayaje ak yon paran oswa yon responsab legal men ki vin Ozetazini pou rankontre yon paran oswa yon responsab legal ka prefere chèche libète kondisyonèl atravè pwosesis nòmal Fòm I-131 an.
Kesyon 7. Mwen te viv aletranje pandan kèk tan epi sa pa gen lontan mwen te retounen nan peyi kote m te fèt la. Èske gen yon egzijans sou dire rezidans la pou m ka kalifye nan kad pwosesis sa a?
Pa gen okenn egzijans sou kantite tan ou dwe rezide nan peyi kote ou te fèt la anvan sipòtè ou la soumèt Fòm I-134A a sou non ou.
Kesyon 8. Mwen konprann paske m gen yon dosye imigrasyon annatant nan USCIS, sa p ap fè m pa kalifye pou pwosesis la; sepandan, si mwen jwenn libète kondisyonèl Ozetazini nan kad pwosesis la epi yo apwouve dosye imigrasyon mwen an, èske sa pral gen efè sou kapasite mwen genyen pou m ajiste sitiyasyon an annapre?
Si ou jwenn libète kondisyonèl Ozetazini nan kad pwosesis la epi ou gen yon dosye imigrasyon apa ki annatant nan USCIS, libète kondisyonèl la pa pral afekte dirèkteman kapasite ou genyen pou ajiste estati a nan kad pwosesis sa a.
Kesyon 9. Èske mwen oblije ranbouse sipòtè mwen an paske li aksepte sipòte m finansyèman nan kad nouvo pwosesis sa a?
Benefisyè yo pa gen obligasyon remèt, ranbouse, travay pou, sèvi, marye, oswa rekonpanse yon lòt jan sipòtè a kòm echanj paske li te ranpli Fòm I-134A a sou non ou oswa poutèt li te ba ou sipò finansye pandan ou Etazini. Gen aksè ak pwosesis la gratis. Ni sipòtè a ni benefisyè a pa oblije peye gouvènman ameriken an yon frè pou Fòm I-134A oswa pou patisipasyon nan pwosesis la. Pran prekosyon ak tout magouy oswa ak tout moun k ap chèche eksplwate moun k ap mande lajan anrapò ak patisipe nan pwosesis sa a.
Pou plis enfòmasyon, ale sou paj Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen nou an epi gade nan seksyon ki rele 'Resous pou Moun ki Viktim Abi, Vyolans oswa Eksplwatasyon.'
Kesyon 1. Paspò mwen ekspire. Èske mwen bezwen mande yon pwolongasyon, oswa èske yo pral aksepte paspò ekspire mwen an?
Benefisyè a dwe gen yon paspò ki valab, ki poko ekspire. Pwolongasyon ki sètifye validite paspò yo sèvi pou satisfè egzijans sa a. Si yo te pwolonje validite paspò yon benefisyè, dat ekspirasyon pwolongasyon an ta dwe reflete dat ekspirasyon paspò a. CBP pa pral otorize vwayaj si paspò oswa pwolongasyon benefisyè a ekspire.
Kesyon 2. Èske timoun yo ka vwayaje sou paspò paran yo?
Timoun ki minè k ap vwayaje ansanm ak paran yo dwe gen pwòp paspò yo epi yo pa ka mete yo sou paspò paran yo.
Kesyon 3. Ki kote yo pral pran done byometrik mwen yo?
Moun yo dwe soumèt kèk enfòmasyon byografik ak byometrik bay DHS pou fè tès ak kontwòl. Si yon moun resevwa otorizasyon pou l vwayaje vin Ozetazini, lè li rive nan yon pò pou antre Ozetazini, chak moun pral oblije bay lòt enfòmasyon, tankou anprent dijital yo, pou plis kontwòl byometrik.
Kesyon 4. E si mwen pa gen aksè ak yon vaksen COVID-19 Administrasyon Ameriken pou Pwodui Alimantè ak Medikaman yo bay?
Anvan ou vwayaje Ozetazini, ou dwe sètifye ou te ranpli egzijans vaksen yo oswa ou kalifye pou yon eksepsyon anrapò ak egzijans vaksen pou lawoujòl, polyo, ak premye dòz vaksen COVID-19 Administrasyon Ameriken pou Pwodui Alimantè ak Medikamanapwouve oswa otorize oswaLis Itilizasyon nan Ka Ijans (Emergency Use Listed, EUL) Òganizasyon Mondyal Lasante etabli.
Ou ka jwenn yon apèsi sou atestasyon ki obligatwa yo sou paj Pwosesis pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen, ak Venezyelyen nou an.
Kesyon 1. Otorizasyon vwayaj mwen an pral ekspire talè, epi mwen pa t kapab fè aranjman pou vwayaj Ozetazini. Èske mwen ka mande yon pwolongasyon?
Si, pou rezon ki pa sou kontwòl ou, ou pa kapab vwayaje nan peryòd validite 90 jou otorizasyon vwayaj la, sipòtè ou la ka soumèt yon demann inik pou pwolongasyon otorizasyon vwayaj 90 jou bay USCIS. Se sèl sipòtè ki valide ki te ranpli Fòm I-134A a, Demann sou Entènèt pou vin yon Sipòtè ak Deklarasyon Sipò Finansye (yo te konn rele Fòm I-134, Deklarasyon Sipò Finansye) sou non yon benefisyè ki kalifye oswa manm fanmi pwòch li ka mande yon pwolongasyon inik pou pwolonje yon otorizasyon vwayaj ki te deja apwouve. Benefisyè yo pa ka mande yon pwolongasyon otorizasyon vwayaj yo nan pwòp non yo.
Sipòtè yo ka soumèt yon demann pwolongasyon ki pa depase 30 jou anvan, epi ki pa depase 30 jou apre, dat ekspirasyon premye peryòd otorizasyon vwayaj ki apwouve a. Sipòtè yo dwe mande yon pwolongasyon apa pou chak benefisyè lè yo swiv etap ki anba yo.
Pou soumèt demann nan:
- Etap 1: Konekte sou kont an liy ou an.
- Etap 2: Nan tèt paj wèb la, chwazi "Kont Mwen (My Account)" nan meni dewoulan an epi chwazi "bwat resepsyon (Inbox)".
- Etap 3: Klike sou bouton "Nouvo Mesaj (New Message)".
- Etap 4: Pou sijè a, chwazi "Yon ka ki deja ranpli sou entènèt (A case already filed online)" nan meni ki dewoule a, epi pou nimewo resi dosye ou la, chwazi nimewo resi ou la pou Fòm I-134A.
- Etap 5: Nan espas pou mesaj la, fè konnen ou ta renmen kontinye sipòte benefisyè ki konsène a ki poko vwayaje Ozetazini epi ou ap mande yon pwolongasyon pou otorizasyon vwayaj benefisyè a, epi klike sou Voye ale (Send)
USCIS pral egzamine demann sipòtè a fè pou yon pwolongasyon otorizasyon vwayaj epi li pral soumèt demann nan, ansanm ak enfòmasyon sou benefisyè a, bay CBP pou l ka fè lòt kontwòl. Si CBP apwouve demann nan, benefisyè a pral resevwa yon notifikasyon nan imel lè yo afiche otorizasyon vwayaj pwolonje a sou kont li. Tanpri sonje pou rezon konfidansyèl, sèlman benefisyè a pral kapab wè avi otorizasyon vwayaj pwolonje a sou kont an liy li a. Benefisyè a ta dwe fè ou konnen lè li resevwa avi pwolonje otorizasyon vwayaj li a.
Si premye otorizasyon vwayaj apwouve benefisyè a te ekspire pandan plis pase 30 jou anvan oswa apre soumisyon demann pwolongasyon an, oswa si benefisyè a pa ka vwayaje Ozetazini pandan pwolongasyon inik 90 jou a, sipòtè a dwe soumèt yon nouvo Fòm I-134A sou non benefisyè a pou jwenn yon nouvo otorizasyon vwayaj.
Kesyon 2. Mwen (yon benefisyè) soumèt pa erè enfòmasyon ki pa kòrèk sou mwen menm ak sou timoun minè mwen yo bay CBP epi yo te refize ban m otorizasyon pou vwayaje a. Kisa mwen ta dwe fè?
Sipòtè ou la ap bezwen soumèt yon nouvo Fòm I-134A sou non ou.
Kesyon 3. Si yo refize otorizasyon vwayaj mwen an, èske CBP ka di m pou kisa?
Akòz karaktè sekirize ki gen nan pwosesis kontwòl ak chwa yo, CBP pa ka bay plis enfòmasyon sou pwosesis la, oswa bay detay sou estati ak/oswa rezilta egzamen otorizasyon vwayaj yon benefisyè. Si yo refize otorizasyon vwayaj la, CBP pa kapab pibliye enfòmasyon sou rezon ki fè refi a te fèt. Si otorizasyon vwayaj la annatant, CBP mande pou kandida yo rete pasyan pandan y ap kontinye fè egzamen an.
Kesyon 1. Si yo apwouve mwen pou vwayaje Ozetazini kòm yon benefisyè nan kad nouvo pwosesis sa a, ki lè mwen ka aplike pou otorizasyon travay?
Apre yo fin bay ou libète kondisyonèl Ozetazini, ou kalifye pou aplike pou otorizasyon travay selon sa USCIS deside. Pou mande yon Dokiman Otorizasyon Travay, ou dwe soumèt Fòm I-765, Aplikasyon pou Otorizasyon Travay, lè ou sèvi avèk kòd kategori (c)(11) ansanm ak frè ki nesesè yo oswa mande yon franchiz pou frè. Ou ka soumèt Fòm I-765 atravè kont an liy USCIS ou a ak frè ki nesesè yo. Si ou ap mande yon franchiz pou frè, ou dwe voye nan lapòs Fòm I-912 la, Demann Franchiz pou Frè, ak Fòm I-765. Fòm I-912 pa ka soumèt sou entènèt atravè kont an liy USCIS la.
Kesyon 2. Konbyen tan sa pral pran pou apwouve demann otorizasyon travay mwen an?
Byenke delè pwosesis yo pral varye selon konplikasyon chak dosye, USCIS ankouraje depozisyon sou entènèt paske sa evite gen reta ki asosye ak voye nan lapòs, li bay yon resi touswit, epi Lè yon kandida fè yon depozisyon sou entènèt, li kapab kreye yon kont USCIS pou swiv evolisyon dosye a. Yo kapab tou ajoute otorizasyon pou travay ki depoze sou papye nan kont an liy moun nan. Kit demann yo soumèt nan lapòs oswa yon fason elektwonik, USCIS ap itilize solisyon teknolojik ak mwayen ki efikas pou diminye ta pwosesis la.
Kesyon 1. Mwen te resevwa yon kòd erè nan aplikasyon mobil CBP One nan ki di "Nou pa ka jwenn dosye: Tcheke dat nesans ou, paspò ak nimewo A nan kont myUSCIS ou a pou asire yo kòrèk.” Kisa pou m fè?
Pou korije erè a epi verifye si atestasyon ou yo te byen soumèt:
- Konekte sou kont USCIS an liy ou a epi verifye si yo te soumèt atestasyon ou yo bay CBP. Ou ta dwe wè yon alèt ki di: "Enfòmasyon ak atestasyon ou yo te soumèt avèk siksè bay Ladwàn Etazini ak Pwoteksyon Fwontyè yo (CBP)."
- Apre sa, chwazi “Gade enfòmasyon biyografik ou yo” epi asire dat nesans ou an nan fòma MM/JJ/AAAA epi nimewo paspò ou kòrèk.
Si w bezwen fè koreksyon nan enfòmasyon ki nan paspò ou la oswa nan dat nesans ou, oswa si tout enfòmasyon ou yo parèt kòrèk epi ou toujou pa kapab kontinye, ou ta dwe itilize kont USCIS ou a pou:
- Telechaje yon kopi paspò ou ki valab, ki poko ekspire kòm Prèv yo pa mande nan ribrik Avi ou a; epi
- Voye yon mesaj bay USCIS apati bwat resepsyon ou nan. Nan mesaj la, ou dwe idantifye enfòmasyon ki bezwen korije oswa endike enfòmasyon ou yo parèt kòrèk men ou pa kapab kontinye nan aplikasyon mobil CBP One nan.
Kesyon 2. Mwen deja soumèt Fòm I-134A a bay USCIS pou m vin yon sipòtè, men mwen bezwen korije oswa mete enfòmasyon yo ajou. Ki jan mwen kapab fè sa?
Si yon sipòtè bezwen korije enfòmasyon ki nan Fòm I-134A a, li ta dwe voye yon mesaj sekirize lè l sèvi avèk kont an liy USCIS li a. Si yon benefisyè gen yon pwoblèm teknik tankou aksè ak kont la oswa bezwen reyinisyalize modpas la, li ta dwe itilize fòm entènèt nou an: my.uscis.gov/account/v1/needhelp. Pou kesyon jeneral oswa ankèt sou estati yon Fòm I-134A, moun yo ka voye yon mesaj sekirize apati kont USCIS yo a oswa rele Sant Kontak USCIS la nan 800-375-5283 (TTY 800-767-1833).
Kesyon 3. Si yon benefisyè bezwen soumèt yon demann sou dosye li a oswa si li gen yon kesyon jeneral konsènan kont li a, ki jan li ka kontakte USCIS?
Pi bon fason pou kontakte nou depann sou kalite demann nan. Si yon benefisyè bezwen korije enfòmasyon ki nan Fòm I-134A a, li ta dwe voye yon mesaj sekirize lè l sèvi avèk kont an liy USCIS li a. Si yon benefisyè gen yon kesyon teknik tankou yon pwoblèm ak aksè nan kont li oswa li bezwen reyinisyalize modpas li, li ta dwe itilize fòm Entènèt nou an: my.uscis.gov/account/v1/needhelp. Pou kesyon jeneral, moun ka rele Sant Kontak USCIS la nan 800-375-5283 (TTY 800-767-1833) oswa 212-620-3418 pou apèl ki deyò Etazini.
Kesyon 4. Si yon sipòtè te antre yon adrès imèl ki pa kòrèk pou benefisyè a nan Fòm I-134A a, ki fason ki pi rapid pou l soumèt koreksyon an epi pou l fè USCIS voye ankò imel Aksè Kont la bay benefisyè a?
Sipòtè a ta dwe konekte sou kont an liy USCIS li a, ale nan ribrik Avi yo, epi itilize fonksyon Prèv yo pa Mande pou telechaje yon lèt yo te siyen alamen (se pa yon fason elektwonik). Lèt la ta dwe:
- Eksplike adrès imel pou benefisyè yo te antre nan Fòm I-134A a pa t kòrèk; epi
- Mande pou USCIS mete ajou adrès imel benefisyè a epi voye Avi sou Kont USCIS la nan bon adrès imel benefisyè a.
Remak: Lèt sipòtè a ta dwe mansyone ni adrès imèl orijinal ki pa kòrèk yo bay sou Fòm I-134A a ak adrès imel ki ajou epi ki kòrèk pou benefisyè a. Sipòtè a dwe konsève tou lèt orijinal la siyen pou sizoka nou mande li annapre.
Sipòtè a ta dwe voye annapre yon mesaj sekirize apati kont an liy USCIS li a:
- Konekte sou kont an liy ou an, chwazi MyAccount nan meni dewoulman an, apresa chwazi bwat resepsyon;
- Chwazi "Nouvo mesaj," apresa "Yon dosye ki deja ranpli sou entènèt;"
- Chwazi nimewo resi ou la pou Fòm I-134A a, Demann sou Entènèt pou vin yon Sipòtè ak Deklarasyon Sipò Finansye nan meni ki dewoule a; epi
- Endike nan mesaj ou a adrès imel benefisyè a bezwen chanje a epi ou te telechaje prèv yo pa mande yo. Mesaj ou a ta dwe gen ladan ni adrès imèl orijinal ki pa kòrèk la ak adrès imel ki ajou epi ki kòrèk pou benefisyè a.
Nou pral egzamine demann nan, n ap fè mizajou ki apwopriye yo, epi n ap bay benefisyè a yon kopi Avi sou Kont USCIS la lè nou itilize adrès imel ki ajou epi ki kòrèk la. Nou pral avize sipòtè a tou nan imel pwoblèm nan te rezoud.
Kesyon 5. Tout Fòm I-134A mwen te soumèt yo ap parèt kòm valide nan kont mwen an. Sepandan, chèf fanmi an pa t resevwa enstriksyon konfimasyon pou ouvri paj entènèt li a nan USCIS, alòske konjwen li ansanm ak pitit li yo te resevwa l. Kisa mwen ta dwe fè?
Pou gen asirans ou pa rate yon notifikasyon ki soti nan USCIS, tanpri verifye dosye spam ak kourye endezirab ou yo. Menmsi nou pa ka reponn ak kesyon espesifik sou yon dosye, an jeneral, nan sitiyasyon kote benefisyè a pa t resevwa Avi sou Kont li a, rele Sant kontak USCIS la nan 800-375-5283 (TTY 800-767-1833) oswa +1-212-620-3418 pou apèl ki deyò Etazini. Sinon, sipòtè benefisyè a ka voye bay USCIS yon mesaj sekirize konsènan pwoblèm nan atravè pwòp kont USCIS an liy li a, epi apre nou fini pwosesis verifikasyon an, nou ka voye nan imel Avi sou Kont la nan imèl benefisyè nou genyen nan dosye a.
Kesyon 6. Ki jan mwen ka korije enfòmasyon paspò mwen nan Fòm I-134A?
Si Fòm I-134A sipòtè ou la te soumèt la deja valide epi enfòmasyon paspò ou la pa kòrèk, ou ap bezwen sèvi ak kont sou entènèt ou a pou:
- Telechaje yon kopi paspò ou ki valab, ki poko ekspire kòm Prèv yo pa mande nan ribrik Avi ou a; epi
- Voye yon mesaj bay USCIS apati bwat resepsyon ou nan. Nan mesaj la, ou dwe endike ou te soumèt prèv pou korije enfòmasyon paspò a.
Ou pral resevwa yon repons nan bwat resepsyon ou an. Pa soumèt atestasyon w yo bay CBP jiskaske nou reponn demann pou mete ajou enfòmasyon paspò ou yo. Soumèt atestasyon yo anvan ou resevwa yon repons nan men USCIS ka afekte otorizasyon vwayaj la ak demann pou libète kondisyonèl la.
Kesyon 7. Fòm I-134A mwen an valide, men ou poko kontakte benefisyè mwen an. Kisa mwen ta dwe fè?
Si benefisyè ou la pa t resevwa avi imèl yo, ou ta dwe revize Fòm I-134A a epi gen asirans ou te bay adrès imel ki kòrèk la. Si adrès imel la pa kòrèk, konekte sou kont an liy USCIS ou a, ale nan ribrik Avi yo, epi itilize fonksyon Prèv yo pa Mande pou telechaje yon lèt yo te siyen alamen (se pa yon fason elektwonik). Lèt la ta dwe:
- Eksplike adrès imel pou benefisyè ou te antre nan Fòm I-134A a pa t kòrèk; epi
- Mande pou USCIS mete ajou adrès imel benefisyè a epi voye Avi sou Kont USCIS la nan bon adrès imel benefisyè a.
Remak: Lèt ou a ta dwe mansyone ni adrès imèl orijinal ki pa kòrèk yo bay sou Fòm I-134A a ak adrès imel ki ajou epi ki kòrèk pou benefisyè a. Ou dwe konsève tou lèt orijinal ki siyen an pou sizoka nou mande li annapre.
Si yon benefisyè toujou pa ka jwenn avi yo, li ta dwe rele Sant Kontak USCIS la nan 800-375-5283. Nimewo a pou moun ki deyò Etazini se 212-620-3418.
Kesyon 1. Èske moun ki gen libète kondisyonèl ki te vin Ozetazini atravè pwosesis sa yo kalifye pou jwenn lisans chofè oswa kat idantifikasyon ki konfòm ak REAL ID?
Benefisyè ki kalifye yo nan kad pwosesis la ansanm ak manm fanmi pwòch yo ki gen libète kondisyonèl Ozetazini pa kalifye pou gen yon lisans chofè oswa kat idantifikasyon ki konfòm ak BON ID paske libète kondisyonèl la pa gen ladan Lwa sou REAL ID (PDF) kòm yon kategori ki otorize pou resevwa yon lisans oswa yon kat idantifikasyon ki konfòm ak REAL ID. Sa pa aplikab pou Afgan ki gen libète kondisyonèl ki tonbe nan domèn aplikasyon seksyon 2502(b)(3) Lwa sou Apwopriyasyon Siplemantè Afganistan. Sepandan, moun ki gen libète kondisyonèl ki yon lòt kategori kalifikasyon Lwa REAL ID a kouvri, tankou yon demann ki apwouve oswa ki annatant pou Estati Pwoteksyon Tanporè oswa azil, kapab gen posiblite pou kalifye pou yon lisans chofè oswa kat idantifikasyon ki konfòm ak REAL ID. Mete sou sa, anpil otorite ki responsab pou bay lisans pou chofè pèmèt moun ki gen libète kondisyonèl yo aplike pou yon lisans chofè oswa kat idantite ki pa konfòm ak REAL ID. Pou plis enfòmasyon, tanpri gade REAL ID Kesyon Moun Poze Souvan ak konsèy Depatman Veyikil ak Motè pou jiridiksyon kote ou ap viv la.